Scheilt création

Scheilt création Dekouvri ekla inik bijou atizanal Scheilt yo,chak bijou fèt ak men yo marande bèlte ak orijinalite.✨

Scheilt Création se charge de votre beauté, elle vous offre la beauté

Yon enèji ki atire, ki chofe kè,san bri… san fòse.Zanno Kouzen disponib kounya.Vini chwazi pa w la. ✨
08/04/2026

Yon enèji ki atire, ki chofe kè,
san bri… san fòse.

Zanno Kouzen disponib kounya.
Vini chwazi pa w la. ✨

Dantora se yon zanno ki fèt ak bwa, penti, rezin, bag ak tij zanno.Li pote yon ti souf lakay, yon ti chalè memwa, epi yo...
31/03/2026

Dantora se yon zanno ki fèt ak bwa, penti, rezin, bag ak tij zanno.
Li pote yon ti souf lakay, yon ti chalè memwa, epi yon bèl manyen atistik pou moun ki renmen bèl bagay ki gen sans.
Si w renmen kreyasyon ki fèt ak kè, Dantora la pou ou.

Un mélange qui raconte une histoire… Ces boucles, faites de pierre œil de tigre et de coquilles, marient la force de la ...
30/03/2026

Un mélange qui raconte une histoire…
Ces boucles, faites de pierre œil de tigre et de coquilles, marient la force de la terre et la douceur de la mer.
Un bijou simple pour celles qui aiment porter du sens avec style.
Disponible dès maintenant
Scheilt Création

Ou renmen bag?
19/03/2026

Ou renmen bag?

25/02/2026
Gen bijou ki pa sèlman pote pou bèlte, se yon fason pou w eksprime kiyès ou ye san w pa bezwen pale.Sa ou chwazi pote so...
19/02/2026

Gen bijou ki pa sèlman pote pou bèlte, se yon fason pou w eksprime kiyès ou ye san w pa bezwen pale.
Sa ou chwazi pote sou kò w gen pouvwa pou enfliyanse jan ou santi w menm jan ou wè tèt ou.
Yon ti pyès ka raple w fòs ou, dousè ou, rasin ou oswa limyè ki rete anndan w.
Lè ou pote bijou ki gen sans, ou pa jis ap konplete yon stil, ou nouri konfyans ou, ou kalme lespri w, ou rete konekte ak pwòp enèji w.
Se poutèt sa chak pyès fèt pou plis pase dekorasyon, yo la pou akonpaye w nan prezans ou, pou soutni panse w, pou ede w santi w an amoni ak tèt ou.
Chwazi bijou ki pale ak ou.
Chwazi bijou ki fè w santi w antye.
Paske lè ou byen konekte ak tèt ou, briyans lan pa bezwen efò 😊 li vin natirèl.

Ramus😍
10/02/2026

Ramus😍

Le plus difficile, c’est de commencer.
Le premier pas, cette décision que tu prends, et les gens autour de toi suivront ou peut être pas.
Doutes, peurs, difficultés seront sur ta route.
L’important, c’est de ne jamais baisser les bras jusqu’à ce que ça fonctionne.

Scheilt Création gen misyon konekte w ak rasin ou, konekte w ak ou menm. Se nan lespri sa nou pa janm sispann kreye pou ...
09/02/2026

Scheilt Création gen misyon konekte w ak rasin ou, konekte w ak ou menm. Se nan lespri sa nou pa janm sispann kreye pou ou. Nan kilti nou tanbou se batman kè pèp la, li pote memwa, fòs, rasanbleman ak lavi. Jodi a,m nou prezante w Asòtò, yon bijou ki pote desen tanbou a, marande koulè ki chofe kè w epi raple w richès eritaj ou chak fwa ou pote l.

Elegans, bèlte, distenksyon, cham, lanmou rafine epi Freda pran fòm. Nou envite w pote limyè ak konfyans chak kote w pas...
08/02/2026

Elegans, bèlte, distenksyon, cham, lanmou rafine epi Freda pran fòm. Nou envite w pote limyè ak konfyans chak kote w pase ak Zanno Freda, yon ti pouvwa ki fè w santi w inik, konfyan, yon eksperyans pou chak jou ou mete l.

Adresse

Limonade
Port-au-Prince

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Scheilt création publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager